Publicidade

1 Timóteo 4

1 Men 4:1 Jn 16:13Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin 4:2 Ef 4:19make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk etanp ki cho; 3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke 4:3 Jen 9:3Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. 4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li 4:4 Wo 14:6resevwa avèk remèsiman, 5 paske li sanktifye pa mwayen 4:5 Jen 1:25,31pawòl Bondye a ak lapriyè.

6 Nan montre bagay sa yo a frè yo, nou va yon bon sèvitè a Kris Jésus, e nou va nouri tout tan nan pawòl lafwa ak bon doktrin ke nou 4:6 II Tim 3:10deja ap swiv yo. 7 Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo.

Sou lòt kote, disipline tèt ou 4:7 I Tim 4:8pou vi sentete a. 8 Paske 4:8 Kol 2:23disiplin pou a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou 4:8 Mat 6:33lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.

9 4:9 I Tim 1:15 Sa se yon vrè Pawòl ki merite aksepte pa tout moun. 10 Paske se pou sa nou travay ak efò a. Nou gen tan fikse 4:10 II Kor 1:10esperans nou sou Bondye vivan an, ki se 4:10 I Tim 2:4Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.

11 4:11 I Tim 5:7 Preskri e enstwi bagay sa yo.

12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit 4:12 Tit 2:7lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm 4:12 I Tim 1:14yon egzanp a sila ki kwè yo.

13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a 4:13 II Tim 3:15li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.

14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk 4:14 Trav 6:6men Ansyen ki te poze sou ou 4:14 Trav 11:30yo.

15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.

16 4:16 Trav 20:28 Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske ou sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-04_23-13-58-