19 Moun lavil Jeriko yo vin di Elize: --Mèt, lavil la bati nan yon bon pozisyon, jan ou ka wè l' la. Men, dlo a pa bon, li fè tè a pa bay anyen.

20 Elize di yo: --Pote ti gout sèl nan yon bòl tou nèf ban mwen! Yo pote veso sèl la bay Elize.

21 Elize moute nan sous la, li voye sèl jete nan dlo a. Lèfini, li di: --Men sa Seyè a di: M'ap netwaye dlo sa a. Li p'ap janm touye moun ankò, ni li p'ap fè tè a rete san donnen anyen.

22 Depi lè sa a dlo a vin bon jouk jounen jòdi a, jan Elize te di l' la.