36 Nan lavil Jope te gen yon fanm yo te rele Tabita. (An lang grèk yo te rele l': Dòkas, ki vle di: Ti Gazèl.) Se te yon patizan Jezi li te ye. Li t'ap pase tout tan li ap fè byen epi li t'ap ede pòv yo anpil.37 Lè sa a, li tonbe malad epi l' mouri. Yo benyen kò a, yo mete l' nan chanm anwo kay la.38 Lavil Jope pa t' twò lwen ak lavil Lida. Lè disip ki te Jope yo vin konnen Pyè te Lida, yo voye de moun bò kote l' avèk mesaj sa a: Tanpri, pa mize vin lakay nou.39 Pyè pati lamenm avèk yo. Lè l' rive, yo mennen l' nan chanm ki te anwo kay la. Tout vèv yo pwoche, yo t'ap kriye. Yo t'ap moutre l' chemiz ak rad Dòkas te konn fè lè l' te la avèk yo.
Publicidade
Atos 9
Veja também
Publicidade