13 Sipoze yon nonm pran yon fanm pou madanm li, li kouche avè l', epi apre sa, li vin pa renmen l' ankò.

14 Lè sa a, li ba l' tout kalite defo ki genyen, li avili l' devan tout moun, li di: Fanm sa a pa di m' anyen ankò, paske lè m' marye avè l', lè nou vin ansanm, mwen te jwenn li pa t' tifi.

15 Enben, lè sa a, papa ak manman jenn madanm lan va pran dra maryaj la ki gen prèv madanm lan te tifi, y'a pote l' nan tribinal bò pòtay lavil la, y'a moutre chèf fanmi lavil yo li.

16 Epi, papa jenn ti madanm lan va di chèf fanmi yo: mwen te bay nonm sa a pitit fi mwen pou madanm. Koulye a, li pa renmen l' ankò,

17 li pretann di madanm lan plen defo, l'ap di: O wi, mwen pa jwenn madanm lan tifi, men mwen pote ban nou prèv li te tifi. Epi l'a louvri dra a devan tout chèf fanmi lavil la.