Publicidade

Êxodo 2

5 Pitit fi farawon an desann bò gwo larivyè a pou l' al benyen. Medam ki te avè l' yo t'ap mache bò larivyè a. Fi farawon an wè panyen an nan mitan touf wozo yo. Li voye sèvant li a al pran l'.6 Li louvri panyen an, li wè ti pitit la: se te yon ti gason ki t'ap kriye. Kè l' fè l' mal pou li. Li di: -Se yonn nan timoun ebre yo.7 Lè sa a, sè ti gason an pwoche, li di pitit fi farawon an: -Eske ou vle m al chache yon nouris pou ou nan mitan medam ebre yo pou bay ti pitit la tete pou ou?8 Fi Farawon an di li: -Ale non. Ti fi a al chache manman ti pitit la.9 Fi farawon an di manman an konsa: -Pran ti pitit sa a, mete l' nan tete pou mwen. m'a peye ou pou sa. Madanm lan pran ti pitit la, li ba l' tete.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-04-20_11-41-06-