1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l':2 -Mwen chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a.3 Mwen mete lespri m' sou li an kantite pou l' ka gen ladrès, bon konprann ak konesans pou l' fè tout kalite travay atizan yo konn fè,4 pou l' ka fè bèl desen, pou l' travay yo an lò, an ajan ak an kwiv,5 pou l' travay pyè tankou òfèv yo konn fè a, pou l' moute yo sou nenpòt bagay, pou l' ka fè desen sou bwa, wi pou l' fè tout kalite bon bagay atizan konn fè.
Publicidade
Êxodo 31
Veja também
Publicidade