Publicidade

João 5

1 Apre sa, jwif yo te gen yon fèt nan tanp lan. Jezi moute Jerizalèm.2 Nan lavil la, bò Pòtay Mouton yo, te gen yon gwo basen dlo yo te rele nan lang ebre: Betzata. Te gen senk pòt ki te bay sou li.3 Devan pòt yo, te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, gen sa ki t'ap bwete, gen sa ki te paralize. Yo tout yo t'ap tann lè dlo a pran bouyi.4 Paske, tanzantan, yon zanj Bondye te desann nan basen an vin brase dlo a. Premye moun malad ki te desann nan dlo a apre zanj lan te fin brase l' la te geri, nenpòt ki maladi li te genyen.5 Te gen yon nonm la ki te malad depi trantwitan.6 Jezi wè l' kouche. Li vin konnen li te malad depi tout tan sa a. Li mande li: Eske ou vle geri?7 Malad la reponn li: Mèt, mwen pa gen pesonn pou mete m' nan basen an lè dlo a ap bouyi. Lè mwen fè sa pou m' ale, yon lòt gen tan desann anvan mwen.8 Jezi di li: Leve non. Pran nat ou, mache ou ale.9 Menm lè a, nonm lan geri. Li ranmase nat li, li pran mache. Men, jou sa fèt la se te yon jou repo.

Veja também

Publicidade