1 Jezi t'ap pase yon kote konsa lè l' wè yon nonm ki te avèg depi li te fèt.2 Disip li yo mande li: Mèt, poukisa nonm sa a te fèt tou avèg en? Se peche pa l' osinon peche manman l' ak papa l' ki lakòz sa?3 Jezi reponn yo: Se pa ni peche pa l' ni peche manman l' ak papa l' ki lakòz sa. Li fèt avèg, se pou moun ka wè sa pouvwa Bondye a ka fè nan li.4 Toutotan fè klè toujou, se pou m' fè travay moun ki voye m' lan ban m' fè a. Talè konsa pral fè nwit, pesonn p'ap ka travay.5 Toutotan mwen la sou latè, mwen se limyè k'ap klere tout moun ki sou latè.6 Apre li fin di pawòl sa yo, Jezi krache atè, li fè yon ti labou ak krache a, li fwote je nonm lan avèk labou a.7 Li di l' konsa: Al lave figi ou nan gwo basen Siloe a. (Mo Siloe sa a vle di: Moun yo te voye a.) Avèg la ale, li lave figi li. Lè l' tounen, li te ka wè nan tou de je l' yo.
Publicidade
João 9
Veja também
Publicidade