1 Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l' konsa:

2 -Leve non! Desann kay bòs k'ap fè krich yo. Rive la, m'a ba ou yon mesaj.

3 Mwen desann vre kay bòs k'ap fè krich yo. Mwen wè msye t'ap bay yon krich fòm nan tou a.

4 Depi krich li t'ap fè a pa t' soti byen, li kraze l', li pran tè a, li fè yon lòt krich avè l' jan li te vle fè l' la.

5 Lè sa a, Seyè a di m' konsa:

6 -Nou menm pèp Izrayèl, èske mwen pa gen dwa fè ak nou sa bòs la fè ak tè a? Nou nan men mwen menm jan tè a nan men bòs k'ap fè krich la, tande!