Publicidade

Juízes 13

6 Apre sa, madanm lan antre al di mari l': -Yon moun Bondye te vin bò kote m'. Lè mwen gade l', pou jan li te fè m' pè a ou ta di yon mesaje Bondye. Mwen pa mande l' kote l' soti, ni li pa ban m' non li.7 Li di m' konsa: Ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm bwè diven, ni ankenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Ni piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Paske pitit gason ou lan pral viv apa pou Bondye tankou nazirit yo depi nan vant manman l' jouk jou li mouri.8 Lè sa a, Manoak lapriyè Seyè a, li di: -Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou l' ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-04-20_12-06-32-