12 Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?

13 Lèzòm pa konnen sa pou yo fè pou yo mete men sou li. Yo pa jwenn li ankenn kote sou latè.

14 Fon lanmè a deklare li pa gen bagay konsa. Lanmè a deklare bon konprann pa lakay li.

15 Ou te mèt gen lò, ou pa ka achte l'. Ou pa ka bay lajan pou ou genyen l'.

16 Li gen plis valè pase lò peyi Ofi a. Bèl pyè oniks ak safi pa ka parèt la.

17 Yo pa ka konpare l' ni ak lò ni ak bèl kristal. Yo pa ka boukante l' pou yon bèl veso fèt an lò.

18 Pou grenn koray ak wòch kristal menm, yo pa ka parèt la. Pito ou al dèyè bon konprann pase ou ale dèyè bèl pyè lanbi.

19 Topaz peyi Letiopi pa vo anyen devan l'. Pi bon lò a pa ka konpare ak bon konprann.

20 Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?

21 Pa gen moun, pa gen bèt ki ka wè l', pa menm zwazo k'ap vole nan syèl la.

22 Ata lanmò ak simityè di se tande yo tande nonmen non l'.