1 Yon jou repo, Jezi te al lakay yonn nan chèf farizyen yo pou l' manje. Moun ki te la yo t'ap veye li.

2 Yon nonm ki te gen maladi anfle te la devan Jezi.

3 Jezi pran lapawòl, li mande dirèkte lalwa ak farizyen yo: Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non?

4 Yo pa reponn li. Lè sa a, Jezi pran nonm malad la, li geri l', epi li voye l' ale.