3 -Koute! Yon nonm soti pou li al simen grenn nan jaden li.

4 Pandan li t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo vini, yo manje yo.

5 Yon pati tonbe nan mitan wòch, kote ki pa t' gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske tè a pa t' fon.

6 Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo. Yo cheche paske rasen yo pa t' fon.

7 Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo, kifè yo pa t' ka donnen.

8 Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo grandi, yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant grenn, lòt bay swasant, lòt ankò bay san (100).

9 Apre sa, Jezi di yo konsa: -Si nou gen zòrèy poun tande, tande.