35 Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje soti kay chèf sinagòg la vin di li: -Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa.36 Men Jezi pa t' okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la: -Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen.37 Li pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, avèk li. Li pa t' pèmèt lòt moun swiv li.38 Lè yo rive kay chèf sinagòg la, Jezi wè yon bann moun ki t'ap fè gwo eskandal: genyen ki t'ap kriye; lòt menm t'ap plede rele.39 Li antre nan kay la, li di yo konsa: -Men pouki tout bri sa a? Pouki tout rèl sa yo? Ti fi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi.40 Yo tonbe pase l' nan betiz. Lè sa a, li fè yo tout soti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sèlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a.41 Li pran men li, li di li: -Talita koum. -ki vle di: Ti fi, mwen di ou leve.42 Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa.43 Men, Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa t' kite pesonn konn sa. Apre sa, li di yo: -Bay ti fi a manje.
Publicidade
Marcos 5
Veja também
Publicidade