1 Menm epòk sa a, yon gwo foul moun te sanble ankò. Yo pa t' gen anyen pou yo manje. Jezi rele disip li yo, li di yo konsa:2 -Kè m' fè m' mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m', yo fin manje tou sa yo te pote.3 Si m' voye yo al lakay yo konsa san manje, y'a tonbe feblès nan chemen paske gen ladan yo ki soti byen lwen.4 Disip li yo reponn li: -Nan dezè sa a, ki bò poun jwenn pen pou plen vant tout moun sa yo?5 Jezi mande yo: -Konbe pen nou gen la a? Yo reponn: -Nou gen sèt pen.6 Lè sa a, li fè foul moun yo chita atè; li pran sèt pen yo; li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo pou yo mache bay tout moun. Disip yo mache bay tout moun pen.7 Te gen kèk ti pwason la tou. Jezi di Bondye mèsi pou yo tou, li mande disip li yo mache bay tout foul moun yo.8 Tout moun te manje vant plen. Yo plen sèt panyen pote ale avèk moso ki te rete.9 Te gen katmil (4.000) moun konsa antou. Apre sa, Jezi voye yo ale.
Publicidade
Marcos 8
Veja também
Publicidade