46 Jezi t'ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l' ak frè l' yo vin rive. Yo rete deyò, yo t'ap chache yon jan pou yo te pale avè l'.47 Se konsa yon moun di Jezi: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo ta renmen pale avè ou.48 Men Jezi reponn moun ki te di l' sa a: Kilès ki manman m'? Kilès ki frè m'?49 Lè sa a, li lonje men l' sou disip li yo, li di: Gade non: men manman m' ak frè m' yo.50 Tout moun ki fè sa Papa m' ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m', ki sè m', ki manman m'.
Publicidade
Mateus 12
Veja também
Publicidade