3 Li reponn yo: Nou menm k'ap pale a, poukisa n'ap plede dezobeyi kòmandman Bondye yo pou nou swiv koutim pa nou yo?4 Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l' osinon manman l' mal, se pou yo touye l'.5 Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l' osinon manman l': Sa m' ta gen pou m' ba ou a, m' ofri l' bay Bondye,6 moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l' osinon pou manman l'. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm.7 Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l' t'ap pale sou nou, jan sa ekri a:8 Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men, kè yo byen lwen mwen.9 Se tan yo y'ap pèdi, lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske, nan sa y'ap di, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun.
Publicidade
Mateus 15
Veja também
Publicidade