13 Apre sa, Jezi ale nan rejyon ki toupre lavil Sezare Filip la. Li mande disip li yo: Ki moun yo di mwen ye, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a?

14 Yo reponn li: Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se Jeremi osinon yonn nan pwofèt yo.

15 Li di yo: Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye?

16 Simon Pyè reponn: Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.