Publicidade

Mateus 20

20 Lè sa a, manman pitit Zebede yo pwoche bò kote Jezi ak pitit li yo. Li bese tèt li byen ba devan Jezi pou mande l' yon favè.21 Jezi di li: Kisa ou vle? Madanm lan reponn: Men de pitit mwen yo. Bay lòd pou yo chita, yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè ou va wa.22 Jezi reponn li? Nou pa konnen sa n'ap mande la a. Eske nou kapab bwè nan menm gode doulè mwen gen pou m' bwè a? Yo di li: Nou kapab.23 Jezi reponn yo: Se vre. n'a bwè nan gode m' lan. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Papa m' rezève yo pou moun li vle.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-04-20_12-06-32-