29 Antan yo t'ap soti lavil Jeriko, yon gwo foul moun pran swiv Jezi.

30 Te gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t'ap pase, yo pran rele: Mèt, pitit David la, pitye pou nou.

31 Moun yo t'ap kouri dèyè yo pou fè yo pe bouch yo. Men, yo t'ap rele pi rèd: Mèt, pitit David la, gen pitye pou nou!

32 Jezi rete, li rele avèg yo, li mande yo: Kisa nou vle m' fè pou nou?

33 Yo di li: Mèt, fè nou wè nan je nou ankò.

34 Kè Jezi fè l' mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.