Publicidade

Mateus 9

18 Antan Jezi t'ap pale konsa ak moun yo, yonn nan chèf jwif yo vin rive, li mete ajenou devan Jezi. Li di li: Pitit fi mwen an fèk mouri. Men, vin mete men ou sou li pou li ka viv.19 Jezi leve, li swiv nonm lan. Disip li yo te ale avè l' tou.20 Lè sa a, yon fanm ki te malad pwoche pa dèyè Jezi. Li te gen pèdisyon depi douzan. Li manyen rebò rad Jezi a,21 paske li t'ap di nan kè l': Si m' ka manyen rad li sèlman, m'a geri.22 Jezi vire tèt li, li wè fanm lan. Li di l' konsa: Pran kouraj, mafi. Konfyans ou nan Bondye ap geri ou. Menm lè a, fanm lan geri.23 Lè Jezi rive kay chèf la, li wè mizisyen yo ki t'ap pare pou lantèman an, ansanm ak yon foul moun ki t'ap fè anpil bri.24 Jezi di yo: Tout moun, soti. Tifi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi. Yo pran pase l' nan betiz.25 Lè foul moun yo fin soti, Jezi antre nan chanm lan. Li pran men tifi a. Lamenm, tifi a leve.26 Nouvèl la gaye nan tout peyi a.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-04-20_11-41-06-