1 Men pwovèb wa Salomon yo: Yon pitit ki gen bon konprann fè kè papa l' kontan. Men, yon pitit san konprann bay manman l' lapenn.

2 Byen ou rive fè nan move kondisyon p'ap rapòte ou anyen. Men, lè ou serye, ou sove lavi ou.

3 Seyè a p'ap kite moun ki mache dwat soufri grangou. Men, l'ap anpeche mechan an jwenn sa li anvi a.

4 Parese fè ou pòv, men travay di fè ou rich.

5 Yon nonm ki wè lwen ranmase rekòt li lè rekòt la pare. Men, se yon wont pou moun ki pase tou tan rekòt la ap dòmi.

6 benediksyon Bondye ap chita sou yon nonm debyen. Pawòl yon moun mechan p'ap janm kite ou wè jan l' mechan.

7 Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men, talè konsa non mechan an ap sèvi jouman.

8 Moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba li. Men, moun k'ap pale tankou moun fou pa lwen mouri.

9 Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis.

10 Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun k'ap voye wòch kache men. Men, moun ki pale kare anpeche kont.

11 Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat yo bay lavi. Men, pawòl yon moun mechan p'ap janm kite ou wè jan l' mechan.

12 Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.

13 Moun lespri pale bon pawòl. Men, pou moun san konprann, se baton nan dèyè yo.

14 Moun ki gen bon konprann toujou ap aprann. Men, lè moun san konprann ap pale, malè pa lwen.

15 Byen yon moun rich, se pwoteksyon li. Men, depi yon nonm pòv, nanpwen pwoteksyon pou li.

16 Travay moun k'ap mache dwat yo bay lavi. Lajan moun k'ap fe sa ki mal yo se pou malè yo.

17 Moun ki koute lè yo rale zòrèy yo ap jwenn chemen lavi. Men, moun ki refize admèt lè yo antò pèdi chemen yo.

18 Moun ki rayi moun nan kè yo, se moun ou pa ka fye. Tout moun k'ap mache fè tripotay se moun san konprann.

19 Plis ou pale anpil, plis ou ka rive fè peche. Lè ou gen bonjan konprann ou kenbe bouch ou fèmen.

20 Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat, se lò. Men, lide k'ap travay nan tèt yon mechan pa vo anyen.

21 Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat ap pwofite anpil moun. Men, moun sòt yo ap mouri, paske yo pa gen konprann.

22 benediksyon Bondye bay moun richès. Ou te mèt travay di ou pa ka mete anyen sou li.

23 Lè moun san konprann ap fè sa ki mal, se tankou yon jwèt pou yo. Men, yon moun lespri pran plezi l' nan chache gen bon konprann.

24 Yon moun ki mache dwat, Bondye va ba li tou sa l' ta renmen genyen. Men mechan an, se sa l' pè rive l' la k'ap rive l'.

25 Depi move tan pase, mechan yo disparèt lamenm. Men, moun k'ap mache dwat yo ap toujou kanpe fèm.

26 Pa janm voye parese fè komisyon pou ou. L'ap ennève ou menm jan sitwon fè dan moun gasi, menm jan lafimen fè je moun koule dlo.

27 Krentif pou Bondye fè moun viv lontan. Men, mechan yo mouri anvan lè yo.

28 Sa moun k'ap mache dwat yo ap tann lan va rive vre. Men, mechan yo p'ap janm jwenn sa y'ap tann lan.

29 Chemen Bondye se yon pwoteksyon pou moun ki serye. Men, l'ap detwi moun k'ap fè mal yo.

30 Yo p'ap janm ka fè moun k'ap mache dwat yo brannen. Men, mechan yo ap disparèt nan peyi a.

31 Lè moun k'ap mache dwat yo ap pale, se bon koze yo bay. Men, moun k'ap pale mal yo ap disparèt.

32 Moun k'ap mache dwat yo konn bèl pawòl pou yo di. Men, lang mechan yo, se kouto de bò.