1 Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a.

2 Se poutèt sa, louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo.

3 Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann.

4 Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan.

5 Si ou fè tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye.

6 Se Seyè a ki bay konesans. Pawòl ki soti nan bouch li bay lespri ak konprann.