13 Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'.

14 Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la.

15 Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè.

16 Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li.

17 Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay.

18 Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay.

19 Li file koton, li koud rad li.

20 Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere.