8 Men, antan yo sou wout, Naomi di bèlfi li yo konsa: -Pito nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Mwen mande Seyè a pou l' aji byen ak nou menm jan nou te aji byen avè m' ansanm ak defen yo.

9 Mwen mande l' pou l' fè nou chak jwenn yon moun remarye ak nou pou nou ka viv ak kè poze lakay nou. Lè li fin di yo sa, li bo yo, li di yo li ale. Men, de medam yo pete rele.

10 Yo di l' konsa: -Non! Nou prale avè ou nan peyi ou.

11 Men, Naomi reponn yo: -Pitit mwen, pito nou tounen! Poukisa nou vle ale avè m'? Nou kwè mwen ka fè pitit gason ankò pou marye ak nou?

12 Tounen lakay nou! Mwen twò granmoun pou m' marye ankò. Epitou, menm si mwen ta mete nan tèt mwen mwen gen espwa marye ankò, menm si mwen ta rive marye aswè a epi m' ta fè pitit gason ankò,

13 èske n'ap rete tann yo fin gran? Eske se sa k'ap anpeche nou marye ak yon lòt moun? Non, pitit fi m' yo. Nou konnen sa pa ka fèt. Sa fè m' mal anpil pou nou. Men Seyè a fè m' twòp lapenn deja.

14 Medam yo pran rele pi rèd. Apre sa, Opa bo bèlmè li a, li di l' orevwa, epi li al jwenn fanmi li. Men, Rit menm te refize kite l'.