Publicidade

Ajuda

Por Bíblia Online –

Deus é nosso auxílio e socorro em todo tempo. Ele não dorme nem cochila. O Senhor é nosso ajudador — não precisamos temer o que o homem possa nos fazer.

2 Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

1 (46:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (46:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.

4 (54:6) Men, Bondye ap vin ede m'. Seyè a ap pran defans mwen.

39 Se Seyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray.40 L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y' al chache pwoteksyon.

22 (38:23) Prese vin pote m' sekou, Seyè, ou menm ki delivrans mwen.

9 O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou.

6 Ann fè lwanj Seyè a. Li tande m' lè mwen rele l'.7 Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li.

17 Si se pa t' Seyè a ki te sekou mwen, gen lontan depi mwen ta mouri.

13 Se mwen menm, Seyè a, ki Bondye nou! M'ap pran men nou, m'ap di nou: Nou pa bezwen pè. M'ap ede nou!

36 Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki sove m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'.

28 Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.

16 M'ap mande Papa a pou l' ban nou yon lòt moun pou ankouraje nou, pou li ka toujou la avèk nou, se Sentespri k'ap moutre nou verite a.

26 Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n' mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike.27 Bondye menm ki konnen sa ki nan kè tout moun, li konnen kisa Lespri li a vle mande, paske sa Bondye vle a se sa Lespri li a ap mande pou tout moun k'ap viv pou Bondye.

5 Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen.6 Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran.

7 Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.

Publicidade