Amigo
O amigo verdadeiro é dádiva rara de Deus. Ele ama em todo tempo, fala a verdade em amor, aconselha com sabedoria e permanece fiel nas adversidades da vida.
Amizade verdadeira
Há amigo mais chegado que um irmão. Em todo tempo ama o amigo. O perfume e o incenso alegram o coração — assim o conselho doce do amigo.
Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt;
men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.
Yon zanmi renmen tout tan;
yon frè fèt pou move tan.
Lwil ak pafen fè kè kontan;
se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.
Se fè ki file fè;
se konsa yon nonm file zanmi l.
Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache.
Fidèl se blese a yon zanmi;
men twonpri se bo a yon ènmi.
Pa abandone pwòp zanmi ou, ni zanmi a papa ou.
Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou.
Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.
Sila ki mache ak moun saj va vin saj;
men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.
Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè;
oswa ale ak yon moun kolerik,
sinon, ou va aprann mès li yo
e jwenn yon pèlen pou tèt ou.
Gen anpil moun ki pwomèt fidelite;
men kibò pou jwenn yon nonm onèt?
Richès fè zanmi ogmante anpil;
men malere pèdi zanmi li yo.
Jesus, o amigo
Já não vos chamo servos, mas amigos. O maior amor é dar a vida pelo amigo. Jesus é o amigo que nunca falha.
Pa gen pi gran amou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.
"Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou. Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.
Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. Pa gen pi gran amou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.
Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.
Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lamou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lamou Li vin konplete nan nou.
Men konsa nou rekonèt lamou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. Men nenpòt ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li? Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: "Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati," e li te rele zanmi a Bondye a.
Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè.
Companheiros de fé
Dois são melhores do que um. Os companheiros de fé se fortalecem mutuamente e caminham juntos com o Senhor.
De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a.
Gade byen, a la bon e agreyab
pou frè yo viv ak tèt ansanm!
Se tankou lwil presye ki koule sou tèt,
vin desann jis sou bab, menm bab Aaron,
vin desann rive sou kote vètman li.
Se tankou lawouze Mòn Hermon
ki vin desann sou mòn Sion nan;
paske la, SENYÈ a te kòmande
benediksyon an——lavi jis pou tout tan.
Mwen se zanmi parèy a tout sila ki
gen lakrent Ou yo ak sila ki swiv règleman Ou yo.
Epi Jonathan te fè yon akò avèk David akoz li te renmen li tankou pwòp tèt li.
Pa twonpe tèt nou: "Move zanmi gate bon prensip."