Publicidade

Provérbios 19

1 19:1 Pwov 28:6 Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite

pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.

2 Anplis, li pa bon pou gen gwo kouraj, san konesans,

ni pou prese rive 19:2 Pwov 21:5 fo pa.

3 Foli a yon nonm chemen l gate;

e li anraje kont SENYÈ a.

4 19:4 Pwov 14:20 Richès zanmi ogmante anpil;

men malere pèdi zanmi li yo.

5 Yon 19:5 Egz 23:1fo temwen pa prale san pinisyon;

e sila ki manti a, p ap chape.

6 19:6 Pwov 29:26 Anpil moun va chache favè a yon moun jenere ak men ouvri;

tout moun se zanmi a sila ki bay kado.

7 Tout frè a malere yo a rayi li;

konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l.

19:7 Pwov 18:23 L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.

8 Sila ki twouve sajès renmen pwòp nanm li.

Sila ki kenbe ak bon konprann nan va 19:8 Pwov 16:20 jwenn sa ki bon.

9 Yon 19:9 Pwov 19:5fo temwen pa prale san pinisyon;

epi sila ki bay manti a, va peri.

10 Lavi alèz pa fèt pou moun ensanse;

bokou mwens pou yon 19:10 Pwov 30:22esklav ta gen otorite sou prens yo.

11 Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè;

se glwa li 19:11 Mat 5:44 pou bliye yon transgresyon.

12 19:12 Pwov 16:14 Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele ;

men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.

13 Se yon fis plen foli k ap detwi papa l,

e yon madanm k ap 19:13 Pwov 21:9-19 diskite a

se tankou dlo kap degoute san rete.

14 Kay ak byen se 19:14 II Kwo 12:14eritaj ki sòti nan papa;

men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.

15 19:15 Pwov 6:9-10 Parès va voye yon pwofon somèy sou moun,

e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.

16 Sila ki 19:16 Pwov 16:16kenbe kòmandman an kenbe nanm li,

men sila ki enpridan nan kondwit va mouri.

17 Yon moun ki 19:17 Det 15:7-8gras a yon malere prete a SENYÈ a,

e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.

18 19:18 Pwov 13:24 Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa;

pa chache lanmò li.

19 Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li;

paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije l ankò.

20 Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou

kab vin saj pou tout rès vi ou.

21 Plan nan lòm yo anpil;

men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.

22 Sa ki dezirab nan yon nonm se yon ki dous.

Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.

23 19:23 Pwov 14:27 Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou moun dòmi

ak satisfè, san kontamine ak mal.

24 Parese a fouye men l nan plato a;

men li refize rale l rive nan bouch li.

25 Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri;

19:25 Pwov 9:8 repwòch a yon moun bon konprann,

va l genyen konesans.

26 Sila 19:26 Pwov 28:24ki atake papa li e chase manman l ale,

se yon fis ki wont ak dega patou.

27 Sispann koute disiplin, fis mwen an

e ou va pèdi chemen konesans.

28 Yon temwen ki dezòd moke lajistis;

e bouch mechan an 19:28 Job 15:16gaye inikite.

29 Gen desizyon jijman pou mokè yo;

ak kou pou do a moun ensanse yo.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-