Pular para o conteúdo
Publicidade

Pwovèb 27

1 Pa vin ògeye sou bagay demen,

paske ou 27:1 Luc 12:19-20 pa konnen kisa yon jou ka pote.

2 Kite 27:2 Pwov 25:27yon lòt moun ba ou lwanj,

e pa ak pwòp bouch ou.

Kite l fèt pa yon ou pa konnen,

e pa de pwòp lèv ou.

3 Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa;

men moun ensanse k ap anmède a

pi lou pase yo tou de.

4 Fachez rèd move.

Kòlè se yon inondasyon.

Men se 27:4 Pwov 6:34kilès ki ka kanpe devan jalouzi.

5 Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache.

6 Fidèl se blese a yon zanmi;

men twonpri se 27:6 Mat 26:49bo a yon ènmi.

7 Moun vant plen rayi siwo myèl;

men pou sila ki grangou,

nenpòt bagay anmè vin dous.

8 Tankou yon 27:8 Pwov 26:2zwazo ki egare nich li,

se konsa yon nonm ki mache lwen kay li.

9 27:9 Sòm 23:5 Lwil ak pafen kontan;

se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.

10 Pa abandone pwòp zanmi ou, ni 27:10 I Wa 12:6-8zanmi a papa ou.

Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou.

Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.

11 27:11 Pwov 10:1 Sèvi ak sajès, fis mwen,

e m kontan pou m kab reponn sila ki repwoche mwen an.

12 Yon nonm ki saj mal e li kache l;

men sila ki fou a avanse pou peye pri a.

13 Pran vètman li l sèvi garanti pou yon enkoni,

e pou yon fanm adiltè, kenbe mesye a menm kon garanti a.

14 Sila ki beni zanmi li ak gwo vwa bonè maten an,

sa va rekonèt kon madichon pou li.

15 27:15 Pwov 19:13 Dlo k ap degoute san rete nan jou gwo lapli

avèk fanm k ap kont san rete sòti menm jan:

16 Sila ki ta anpeche fanm sa a, vle anpeche van,

oswa sezi lwil ak men dwat li.

17 Se ki file ;

se konsa yon nonm file zanmi l.

18 Sila ki pran swen pye fig la va manje fwi li,

e sila ki pran swen mèt li a va jwenn lonè.

19 Tankou nan dlo, figi reflete figi,

konsa a yon nonm reflete lentansyon l.

20 27:20 Job 26:6 Sejou Lanmò ak labim pa janm satisfè;

ni zye a lòm pa janm satisfè.

21 Po fonn nan se pou ajan, e founo se pou ;

konsa, yon nom rafine pa lwanj ke l resevwa.

22 Malgre ou ta 27:22 Pwov 23:35foule yon moun fou ak pilon jiskaske li poud,

tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.

23 27:23 Jr 31:10 Konnen byen kondisyon a bann ou yo,

e okipe twoupo ou yo;

24 paske richès pa la pou tout tan,

ni yon 27:24 Job 19:9kouwòn pa rete pandan tout jenerasyon.

25 Zèb yo vin disparèt, e sa ki nèf la vin pouse,

e zèb mòn yo 27:25 És 17:5fin ranmase.

26 Jenn mouton yo va sèvi kon vètman ou,

e kabrit yo va mennen pri a yon chan.

27 Lèt kabrit ap kont pou manje ou,

pou manje tout lakay ou,

ak soutyen pou tout sèvant lakay ou yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também