Pular para o conteúdo
Publicidade

Pwovèb 7

1 Fis mwen an, 7:1 Pwov 2:1kenbe pawòl mwen yo

e kache kòmandman mwen yo anndan ou.

2 Kenbe kòmandman mwen yo pou viv,

ak enstriksyon mwen yo

7:2 Det 32:10 kon de grenn zye nan tèt ou.

3 Mare yo sou dwèt ou;

7:3 Pwov 3:3 ekri yo sou tablo a ou.

4 Di a sajès: "Se ou ki mwen,"

e rele sajès pi bon zanmi ou,

5 Pou li kab anpeche ou ale

jwenn ak yon fanm adiltè;

yon fanm etranje a ki flate ak pawòl li.

6 Paske bo fenèt lakay mwen,

mwen te gade 7:6 Pwov 6:32 nan fant fenèt mwen an.

7 Konsa, mwen te pami moun 7:7 Pwov 1:22sòt yo,

e te rekonèt pami jenn yo,

yon jennonm ki te manke bon sans;

8 ki t ap pase nan lari a toupre

kwen kay fanm nan.

Konsa, li pran chemen pou rive 7:8 Pwov 7:27lakay li,

9 nan solèy kouche a, nan aswè,

nan mitan lannwit ak nan fènwa.

10 Epi gade, yon fanm vin pwoche li

7:10 Jen 38:14-15 abiye kon pwostitiye ak riz nan l.

11 Li parèt plen kouraj nan rebelyon li.

7:11 I Tim 5:13 Pye li pa rete lakay li.

12 Koulye a nan lari yo, koulye a nan plas yo,

lap 7:12 Pwov 23:28kache tan nan tout kwen.

13 Konsa, li sezi li, bo li;

e ak 7:13 Pwov 21:29figi byen ranje, li di li:

14 "Mwen te prèt pou ale ofrann lapè yo.

Se jodi a, mwen 7:14 Lev 7:16 fin peye ve mwen yo.

15 Konsa, mwen te vin rankontre ou,

pou jwenn prezans ou;

e konsa, mwen te twouve ou.

16 Mwen byen ranje kabann mwen ak kouvèti;

avèk bèl 7:16 És 19:9dra Égypte yo.

17 Mwen te flite kabann nan ak pafen

flè jasmen, lwil womaren ak 7:17 Egz 30:23 kanèl.

18 Vini, annou bwè ladann

e lanmou jis rive nan maten.

Annou nou kontan ak doudous nou yo.

19 Paske mari m pa lakay la;

li ale nan yon gran vwayaj.

20 Li te pran yon sak lajan avè l.

Jis rive nan plèn lin, l ap retounen lakay."

21 Ak anpil ankourajman, li atire li;

avèk 7:21 Pwov 5:3lèv a flatè, li sedwi li.

22 Sibitman, li swiv li tankou

yon bèf k ap monte labatwa,

tankou moun sòt

kab mache rive nan ne koulan an.

23 Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l;

tankou yon 7:23 Ekl 9:12zwazo k ap vit pou rive nan pèlen.

Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li.

24 Alò, pou sa, fis yo, 7:24 Pwov 5:7koute mwen

e okipe pawòl a bouch mwen yo.

25 Pa kite ou 7:25 Pwov 5:8vire akote nan chemen li yo!

Pa vin antre egare nan wout li yo!

26 Paske, anpil se viktim ke li deja jete anba yo;

e 7:26 Pwov 9:18anpil se sila ki te mouri akoz li.

27 7:27 Pwov 2:18 Lakay li nan wout Sejou yo,

k ap desann nan chanm lanmò yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também