Publicidade

amor de Deus

Por Bíblia Online –

O amor de Deus é a maior realidade do universo. Ele nos amou com amor eterno, incondicional e sacrificial — e nada no mundo pode nos separar desse amor.

Amor eterno

Deus amou o mundo de tal maneira que deu o seu Filho. Seu amor é de eternidade a eternidade — nunca falha.

16 Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

8 Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou.

38 Paske, mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita,39 ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an.

3 Byen lwen, Seyè a te fè m' wè li. Li t'ap di: Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou. Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou.

1 Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

8 Seyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.

15 Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!

3 (63:4) renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.

Natureza do amor divino

Deus é amor. O amor é paciente, benigno. O amor do Pai nos adota como filhos e nos transforma à sua imagem.

7 Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen soti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.8 Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.

9 Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l' te ka ban nou lavi.10 Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.11 Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou yonn renmen lòt.

16 Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo.

19 Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan.

1 Gade ki jan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa lemonn pa konnen nou, paske li pa konnen Bondye.

7 Mezanmi, se pa yon kòmandman tou nèf m'ap ban nou nan lèt sa a. Se menm ansyen kòmandman yo te ban nou depi nan konmansman an. Ansyen kòmandman sa a, se menm pawòl nou te tande deja a.8 Men, nan yon sans, se yon kòmandman tou nèf m'ap ban nou la a. Nou wè kòmandman sa a se yon bagay k'ap aji tout bon nan lavi Kris la ak nan lavi pa nou tou, paske fènwa a ap pase, limyè tout bon an gen tan ap klere.

3 Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.

4 Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p'ap anvye sò lòt moun. Li p'ap fè grandizè, li p'ap gonfle ak lògèy.

Expressões do amor de Deus

O Senhor nos ama com alegria e canta sobre nós. Queni a mim vem, amará; e quem me ama, o Pai o amará.

17 Seyè a, Bondye nou an, l'a nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l' kontan. li ap chante

17 Mwen renmen moun ki renmen m'. Depi yon moun chache m', fòk li jwenn mwen.

4 M'ap bay tout moun lòt nasyon yo pou m' ka sove lavi nou, paske mwen konsidere nou anpil. Nou gen anpil valè pou mwen, mwen renmen nou anpil.

9 (48:10) Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.

10 (36:11) Toujou renmen moun ki konnen ou! Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou!

20 Se sak fè, se pa mwen k'ap viv ankò, se Kris la k'ap viv nan mwen: lavi m'ap mennen nan kò m' koulye a, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki te renmen m' sitèlman li te rive bay lavi l' pou mwen.

4 Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou,5 li ban nou lavi ankò ansanm ak Kris la, nou menm ki te mouri akòz peche nou yo. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou.

14 (13:13) Se pou benediksyon Seyè Jezikri ban nou an, ak renmen Bondye gen pou nou an, ansanm ak pouvwa Sentespri k'ap fè nou viv ansanm lan toujou la ak nou tout.

5 Mwen mande Seyè a pou l' dirije kè nou pou nou ka renmen Bondye, pou nou ka gen pasyans tankou Kris la.

Publicidade