Aniversário de criança
O aniversário de uma criança é momento de celebrar o presente precioso que Deus deu. Cada criança é formada e conhecida por Deus desde antes de nascer.
13 Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m', se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m'.14 M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.15 Ou te konnen tout zo nan kò m', depi lè m' t'ap fòme kote moun pa t' ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a.16 Depi anvan m' te fèt, tout lavi m' te devan je ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.17 Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m' konprann, lèfini yo anpil!
24 Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!
12 Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.
6 Se sou ou mwen konte depi m' fèt. Se ou ki fè m' soti nan vant manman m'. Se tout tan m'ap fè lwanj ou.
4 Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a.
9 (22:10) Se ou menm ki te fè m' soti san danje nan vant manman m'. Se ou menm ankò ki te pwoteje m' lè m' te nan tete.10 (22:11) Depi nan vant manman m', se ou menm k'ap pwoteje m'. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen.
27 Mwen te mande l' pou l' te ban mwen pitit gason sa a. Li ban mwen sa m' te mande l' la.
3 Lè mwen te timoun piti lakay papa m', lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen.4 Papa m' t'ap moutre m' anpil bagay. Li te konn di m': Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv.
4 Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyè a. M'ap repete l' ankò: Fè kè nou kontan anpil.
40 Pitit la menm t'ap grandi, li t'ap devlope. Li te gen kont lespri l', epi favè Bondye te avèk li.