Pular para o conteúdo
Publicidade

Ano novo

Por Bíblia Online

O Ano Novo é oportunidade de renovação e consagração. A Bíblia convida a esquecer o que ficou para trás e avançar em fé, confiança e esperança em Deus.

Frè m yo, mwen pa gade tèt mwen kòm youn ki rive sou li deja, men yon sèl bagay ke m ; se bliye sa ki dèyè e lonje pa devan pou sa k ap vini an, mwen pouse rive objektif la, pou m genyen pri wo apèl Bondyenan Kris Jésus a.

Se pa ke m rive la deja oubyen ke m vin pafè deja, men mwen ap pouse pi rèd pou m kapab rive sou pèfeksyon sa a ki te Kris Jésus mete men l sou mwen an.

Frè m yo, mwen pa gade tèt mwen kòm youn ki rive sou li deja, men yon sèl bagay ke m ; se bliye sa ki dèyè e lonje pa devan pou sa k ap vini an, mwen pouse rive objektif la, pou m genyen pri wo apèl Bondyenan Kris Jésus a. Konsa, otan nan nou ki pafè, annou gen menm panse sa a. Epi si nan nenpòt bagay nou pa reflechi konsa Bondye va osi revele sa a nou.

Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.

Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a

Kreye nan mwen yon pwòp, O SENYÈ,

epi refè yon lespri ki dwat anndan m.

Pa jete mwen lwen prezans Ou e

pa retire Lespri Sen Ou an sou mwen.

Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans;

Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,

Akoz nonm nan ki reyisi manèv mechan li yo.

O goute e ke Bondye bon.

A la beni nonm ki kache nan Li a beni!

sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

yo va monte anwo ak zèl kon èg.

Yo va kouri, e yo p ap bouke;

yo va mache, e yo p ap fatige.

Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo," deklare SENYÈ a, "plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.

Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo. Anplis, Mwen va bay nou yon tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon ki fèt ak chè. Mwen va mete Lespri M anndan nou, nou mache nan règleman Mwen yo e nou va atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo.

Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. Kite lapè Kris la renye nan nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl , e se pou nou rekonesan.

Li te tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te a soti nan kòmansman jis rive nan lafen.

Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.

Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.

Vini koulye a, nou menm, ki di: "Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou pwofi." Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. Olye de sa, nou ta dwe di: "Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi sesi oubyen sela."

Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste. Alò a sila ki konnen bon bagay pou li a, men pa l, a li menm, se peche.

Seja o primeiro