Publicidade

Aprender

Por Bíblia Online

Aprender é vocação do discípulo. Jesus disse: aprendei de mim. A Bíblia convida a aprender com humildade, perseverança e disposição — sentados aos pés do Mestre.

Aprender de Jesus

Tomai sobre vós o meu jugo e aprendei de mim. O Espírito Santo nos ensinará todas as coisas e nos recordará tudo.

Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan ; e nou va jwenn repo pou nanm nou. Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè."

Konsa, ale disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj."

Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.

Pou sa, Jésus te reponn yo e te di: "Lenstriksyon pa M se pa pa M, men se pou Li menm ki te voye M nan.

Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li.

Ensino e sabedoria

O temor do Senhor é o princípio do saber. A disciplina do Senhor forma o caráter e abre caminhos de entendimento.

Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;

sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.

Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,

ni rayi repwòch Li,

Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,

jis tankou yon papa konn korije

fis nan sila li pran plezi a.

Mwen te dirije ou nan chemen sajès la;

mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo.

Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans,

men sila ki rayi korije a, se bèt.

Konsa, nou fèt pou konnen nan nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.

Comunidade de aprendizado

Ensinem e aconselhem-se mutuamente. A igreja é escola de Cristo — onde todos ensinam e todos aprendem juntos.

Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan nou.

Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap a.

Epi chak jou nan tanp lan, sòti nan yon kay a yon lòt, yo te kontinye enstwi ak preche Jésus kòm Kris la.

Kòman mwen pa t bak pou m te kab deklare a nou tout bagay ki te itil, e te enstwi nou an piblik, e de kay an kay.

Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.

Ouvir e praticar

Ensina-me a fazer a tua vontade. Guia-me pela tua verdade. O verdadeiro aprendiz pratica o que ouviu do Mestre.

Enstwi mwen pou volonte Ou,

paske se Ou menm ki Bondye mwen.

Lespri Ou bon.

Kondwi mwen sou tèren ladwati a.

m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;

enstwi m nan chemen Ou yo.

Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,

Paske se Ou menm ki Bondye delivrans mwen;

se Ou m ap tann tout lajounen.

Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;

pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.

Li dirije enb yo nan jistis, e

Li va enstwi enb yo nan chemen Li.

Mwen va enstwi ou e ou aprann chemen

nan sila ou dwe ale a.

Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.

Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou.

Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans;

paske jijman Ou yo rive sou latè,

sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.

Seja o primeiro
Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-