Pular para o conteúdo
Publicidade

III JN 1

1 Lansyen an k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen 1:1 I Jn 3:18renmen an verite.

2 Byeneme a, mwen priye nan tout aspè ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bòn sante, menm jan ke nanm ou se an bòn sante. 3 Paske mwen te 1:3 II Jn 4tèlman kontan frè yo te vin pote temwen a verite ou, ki jan ou mache nan laverite a. 4 1:4 III Jn 3Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.

5 Byeneme, ou ap aji fidèlman nan tout sa ou acheve pou frè yo, sitou se 1:5 Wo 12:13moun ou pa rekonèt yo. 6 Yo pote temwen amou ou devan legliz la. Konsa, ou va byen pou voye yo sou wout yo nan yon jan 1:6 Kol 1:10ki gen merit devan Bondye. 7 Paske yo te sòti pou kòz a 1:7 Jn 15:21Non an, san aksepte anyen nan men etranje yo. 8 Nou dwe bay soutyen a moun tankou sa yo, pou nou kapab ouvriye parèy a yo nan laverite a.

9 Mwen te ekri yon bagay a legliz la, men Diotrèphe 1:9 II Jn 9ki renmen premye pami tout, pa aksepte sa nou te pale.

10 Pou rezon sa, mwen va atire atansyon a zak sa yo ke li , l akize nou san jistis avèk pawòl yo ki mechan. Pa menm satisfè avèk sa 1:10 II Jn 10li refize resevwa frè yo, epi li refize sa yo ki ta vle sa, epi 1:10 Jn 9:34mete yo deyò legliz la.

11 Zanmi mwen yo 1:11 Sòm 34:14pa imite sa ki mechan, men sa ki bon. Sila ki byen a Bondye. Sa ki mal pa janm te Bondye.

12 Démétrius te resevwa yon bon temwen a tout moun, epi osi selon menm laverite a; epi nou mete temwen nou sou sa, epi 1:12 Jn 19:35ou konnen ke temwen nou vrè.

13 1:13 II Jn 12 Mwen te gen anpil bagay yo pou ekri nou, men mwen pa vle ekri yo avèk plim ak lank; 14 men 1:14 Jn 10:3mwen espere ke mwen va nou toutalè, epi nou va pale fas a fas.

15 Lapè swat avèk nou. Zanmi yo salye nou. Salye zanmi yo pa pwòp non yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também

3 João
Ver todos os capítulos de 3 João