Publicidade

Arrependimento

Por Bíblia Online

O arrependimento é a porta da graça. A Bíblia declara que Deus não deseja a morte do ímpio, mas que se converta e viva. Arrependei-vos, pois o Reino dos Céus está próximo.

Chamado ao arrependimento

Arrependei-vos, porque o Reino dos Céus está próximo. Quem se arrepende e confessa encontra restauração e perdão.

Depi lè sa a, Jésus te kòmanse preche. Li te di:"Repanti, paske wayòm syèl la pwòch."

Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan.

Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo."

Li te di: "Lè a gen tan rive, epi wayòm Bondye a pwòch; repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la."

Mwen di nou: ‘Non’, men amwenske nou repanti, nou tout ap peri konsa.

Mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo a larepantans.

Pierre te di yo: "Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an.

"Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a;

"Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti,

A graça do arrependimento

Os que eu amo, eu repreendo e disciplino. Arrepende-te! Deus não quer que nenhum se perca — mas que todos cheguem ao arrependimento.

"Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.

Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.

Paske Mwen pa pran plezi nan lanmò a okenn moun ki mouri," deklare Senyè BONDYE a. "Akoz sa, repanti pou viv."

epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.

Alò, Ézéchias te voye kote tout Israël avèk Juda, e anplis, li te ekri lèt a Éphraïm avèk Manassé pou yo ta vini lakay SENYÈ a Jérusalem pou selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la. Paske wa a avèk chèf pa li yo ak tout asanble Jérusalem nan te pran desizyon pou selebre Pak la nan dezyèm mwa a. Yo fè sa akoz yo pa t ka selebre li nan lè sa a, akoz prèt yo potko konsakre yo menm an kantite ase, ni pèp la potko rasanble Jérusalem. Konsa, bagay la te kòrèk nan zye a wa a avèk tout asanble a. Pou sa, yo te etabli yon dekrè pou sikile kòm yon pwoklamasyon pami tout Israël soti nan Beer-Schéba jis rive menm nan Dan, pou yo ta kapab vin selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la, Jérusalem. Paske yo pa t selebre li an gran nonb depi lè li te premye etabli a.

Mesaje yo te ale patou nan tout Israël avèk Juda avèk lèt soti nan men a wa a avèk chèf li yo menm, selon lòd a wa a. Yo te di: "O fis Israël yo, retounen kote SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Isaac, avèk Israël la, pou Li kapab retounen kote sila nan nou ki fin chape e retire soti nan men a wa Asiryen yo. Pa fè tankou papa zansèt nou yo avèk frè nou yo ki pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo, jiskaske li te fè yo parèt tankou yon laperèz etonan, jan nou wè a. Alò, pa fè tèt di tankou papa zansèt nou yo, men bay plas a SENYÈ a. Antre nan sanktyè ke Li te konsakre jis pou tout tan an, e sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kòlè Li k ap brile a kapab vire kite nou. Paske si nou retounen kote SENYÈ a, frè nou yo avèk fis nou yo va jwenn mizerikòd devan sila ki te mennen yo an kaptivite yo, e yo va retounen nan peyi sa a. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, plen gras avèk konpasyon e Li p ap vire fas Li kite nou si nou retounen kote Li."

Pou sa, mesaje yo te pase soti nan yon vil a yon lòt vil, toupatou nan peyi Éphraïm avèk Manassé, e soti rive Zabulon. Men yo te fè grimas sou yo, yo te giyonnen yo, e moke yo. Sepandan, kèk nan mesye Aser yo, Manassé, avèk Zabulon yo te imilye yo, e yo te vini Jérusalem. Anplis, men Bondye te sou Juda pou bay yo yon sèl kè pou fè sa ke wa a avèk chèf yo te kòmande yo a, pa pawòl SENYÈ a.

Alò, anpil moun te rasanble Jérusalem pou selebre Fèt Pen San Ledven an nan dezyèm mwa a, yon asanble ki te trè trè gran. Yo te leve e te retire fo lotèl ki te Jérusalem yo. Anplis, yo te retire tout fo lotèl lansan yo e te jete yo nan flèv Cédron an. Epi yo te touye jèn mouton Pak yo nan katòzyèm jou nan dezyèm mwa a. Konsa, prèt yo avèk Levit yo te vin wont a yo menm, e te konsakre yo menm, e te pote ofrann brile yo lakay SENYÈ a. Yo te kanpe nan estasyon pa yo selon koutim pa yo, selon lalwa Moïse la, nonm Bondye a. Prèt yo te aspèje san ke yo te resevwa nan men Levit yo. Paske te gen anpil prèt nan asanble a ki pa t konsakre yo menm. Pou sa, Levit yo te responsab pou touye jèn mouton Pak yo ki te pou tout sila ki pa t pwòp yo, pou yo ta kapab vin konsakre yo a SENYÈ a. Paske yon foul nan pèp la, menm anpil nan Éphraïm avèk Manassé, Issacar ak Zabulon pa t pirifye yo menm, sepandan yo te manje Pak la yon lòt jan ke sa ki te premye etabli a. Paske Ézéchias te priye pou yo e te di: "Ke SENYÈ a kapab padone tout sila ki prepare kè yo pou chache Bondye, SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, malgre se pa selon règleman pou pirifikasyon nan sanktyè a."

Pou sa, SENYÈ a te tande Ézéchias e te geri pèp la. Fis a Israël ki te la Jérusalem yo te selebre Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk gran jwa, e Levit yo avèk prèt yo te louwe SENYÈ a, jou apre jou, avèk enstriman ki te fè gwo son a SENYÈ a. Epi Ézéchias te pale ankourajman a tout Levit ki te montre gwo kapasite pou afè SENYÈ yo. Konsa, yo te manje pandan sèt jou ki te chwazi yo pandan yo t ap fè sakrifis ofrann lapè yo e t ap bay remèsiman a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo a.

Anfen, tout asanble a te deside selebre yon lòt sèt jou ankò, e yo te selebre sèt jou yo avèk kè kontan. Paske Ézéchias, wa Juda a, te bay asanble a mil towo ak sèt-mil mouton; epi prens yo te bay yon mil towo ak di-mil mouton. Konsa, yon gran kantite nan prèt yo te konsakre yo menm. Tout asanble Juda a te rejwi avèk prèt yo ak Levit yo ak tout asanble ki te sòti an Israël la, ni vwayajè ki te sòti nan peyi Israël yo ansanm ak sila ki te rete Juda yo. Konsa, te gen gwo lajwa Jérusalem, akoz pa t janm genyen yon bagay parèy a sa Jérusalem depi nan jou a Salomon yo, fis David la, wa Israël la. Epi prèt Levit yo te leve pou te beni pèp la. Vwa yo te tande, e lapriyè yo te rive nan lye sen Li an, menm nan syèl la.

Konsa, rann kè nou, olye vètman nou."

Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,

paske Li plen gras ak mizerikòd,

lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,

e konn ralanti nan fè malè.

Nan uityèm mwa, dezyèm ane Wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a. Li te di: "SENYÈ a te fache anpil anpil avèk zansèt nou yo. Konsa, se pou ou di a yo menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: "Retounen vin jwenn Mwen," deklare SENYÈ dèzame yo: "Pou M kapab retounen vin jwenn nou," pale SENYÈ dèzame yo. "Pa fè tankou zansèt nou yo, a sila ansyen pwofèt yo te kriye e te di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Retounen koulye a, kite chemen mechan ak zak mechan nou yo.’ Men yo pa t koute, ni okipe Mwen’, deklare SENYÈ a. Papa zansèt nou yo, ki kote yo ye? Epi pwofèt yo, èske yo viv pou tout tan? Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo?

"Konsa yo te repanti, e te di: ‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’"

Nan venn-katriyèm jou nan onzyèm mwa a, ki se mwa Schebat a, nan dezyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te rive kote Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a, konsa: Mwen t ap gade pandan nwit lan e vwala, yon nonm te monte sou yon cheval wouj. Li te kanpe pami pye Jasmen ki te nan ravin yo, e dèyè li, te gen cheval wouj, cheval alzan ak cheval blan.

Konsa, mwen te di: "O Senyè mwen an! Se kisa sa yo ye?"

Epi zanj ki t ap pale avèk mwen an, te di mwen: "Mwen va montre ou kisa yo ye."

Epi nonm ki te kanpe pami pye Jasmen yo te reponn. Li te di: "Sa yo se sila ke SENYÈ a te voye pou fè patwouj sou latè."

Konsa, yo te reponn zanj SENYÈ, ki te kanpe pami pye Jasmen yo. Yo te di: "Nou te fè patwouj sou tè a e gade byen tout tè a kalm. Li gen lapè." Epi zanj SENYÈ a te di: "O SENYÈ dèzame yo, pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan swasann-dis ane sila yo?"

SENYÈ a te reponn zanj ki t ap pale avè m nan ak pawòl ki plen gras, pawòl dous ki pou kalme. Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan, te di mwen: "Se pou ou kriye pou di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: "Mwen jalou depase pou Jérusalem ak Sion. Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an." Akoz sa, SENYÈ a di konsa: "Mwen ap retounen kote Jérusalem, ak mizerikòd. Kay Mwen an va bati ladann l", deklare SENYÈ dèzame yo; " epi yon lign va vin tire sou Jérusalem."’

"Se pou ou kriye ankò e di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: "Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e chwazi Jérusalem ankò."’"

Konsa, Mwen te leve zye m; mwen te gade, e konsa, te gen kat kòn. Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: "Kisa sa yo ye?"

Li te reponn mwen: "Sa yo se kòn ki te gaye Juda, Israël, ak Jérusalem yo." SENYÈ a te montre mwen kat gwo bòs fòjewon. Mwen te di: "Se kisa sa yo ap vin fè?" Epi li te di: "Sa yo se kòn ki te gaye Juda yo pou pèsòn pa t leve tèt yo. Men bòs fòjewon sila yo ki te vini pou teworize yo, pou fonn kòn a nasyon ki te leve kòn yo kont peyi Juda pou te gaye li a."

Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;

men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.

Vire sou repwòch mwen an.

Gade byen, mwen va vide lespri m sou nou.

Mwen va fè nou konnen pawòl mwen yo.

Confissão e restauração

Se confessarmos, Ele é fiel e justo. Há alegria no céu por um pecador que se arrepende — o arrependimento abre o caminho da vida.

Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.

"Mwen di nou ke menm jan an, va gen plis jwa nan syèl la sou yon pechè ki repanti, ke sou katreven-diznèf moun ki pa bezwen repanti.

"Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwa nan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti."

Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-22_10-02-25-