Pular para o conteúdo
Publicidade

Zacharie 1

1 Nan uityèm mwa, dezyèm ane Wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a 1:1 Esd 5:1Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a 1:1 Né 12:4,16 Iddo a. Li te di: 2 "SENYÈ a te 1:2 II Kwo 36:16 fache anpil anpil avèk zansèt nou yo. 3 Konsa, se pou ou di a yo menm: Konsa pale SENYÈ dèzame yo: 1:3 És 31:6 "Retounen vin jwenn Mwen," deklare SENYÈ dèzame yo: "Pou M kapab retounen vin jwenn nou," pale SENYÈ dèzame yo. 4 "Pa tankou zansèt nou yo, a sila ansyen pwofèt yo te kriye e te di: Konsa pale SENYÈ dèzame yo: Retounen koulye a, kite chemen mechan ak zak mechan nou yo.Men yo 1:4 Jr 6:17 pa t koute, ni okipe Mwen, deklare SENYÈ a.1:4 És 1:16-19 5 1:5 Lam 5:7Papa zansèt nou yo, ki kote yo ye? Epi 1:5 Jn 8:52 pwofèt yo, èske yo viv pou tout tan? 6 Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo?

"Konsa yo te repanti, e te di: 1:6 Lam 2:17 Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou."

7 Nan venn-katriyèm jou nan onzyèm mwa a, ki se mwa Schebat a, nan dezyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te rive kote Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a, konsa: 8 Mwen t ap gade pandan nwit lan e vwala, yon nonm te monte sou yon 1:8 Za 6:2cheval wouj. Li te kanpe pami pye Jasmen ki te nan ravin yo, e dèyè li, te gen cheval wouj, cheval alzan ak cheval 1:8 Rev 6:2 blan.

9 Konsa, mwen te di: "O Senyè mwen an! Se kisa sa yo ye?"

Epi 1:9 Za 2:3 zanj ki t ap pale avèk mwen an, te di mwen: "Mwen va montre ou kisa yo ye."

10 Epi nonm ki te kanpe pami pye Jasmen yo te reponn. Li te di: "Sa yo se sila ke SENYÈ a te voye pou 1:10 Job 1:7 patwouj sou latè."

11 Konsa, yo te reponn zanj SENYÈ, ki te kanpe pami pye Jasmen yo. Yo te di: "Nou te patwouj sou a e gade byen 1:11 És 14:7 tout a kalm. Li gen lapè." 12 Epi zanj SENYÈ a te di: "O SENYÈ dèzame yo, 1:12 Sòm 74:10 pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan 1:12 Jr 25:11 swasann-dis ane sila yo?"

13 SENYÈ a te reponn zanj ki t ap pale avè m nan ak pawòl ki plen gras, pawòl dous ki pou kalme.1:13 És 40:1,2 14 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan, te di mwen: "Se pou ou kriye pou di: Konsa pale SENYÈ dèzame yo: "Mwen 1:14 Za 8:2 jalou depase pou Jérusalem ak Sion. 15 Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki 1:15 Sòm 123:4; Am 1:11 alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an." 16 Akoz sa, SENYÈ a di konsa: "Mwen ap 1:16 És 54:8-10retounen kote Jérusalem, ak mizerikòd. 1:16 Esd 6:14,15 Kay Mwen an va bati ladann l", deklare SENYÈ dèzame yo; " epi yon lign va vin tire sou Jérusalem."

17 "Se pou ou kriye ankò e di: Konsa pale SENYÈ dèzame yo: 1:17 És 44:26 "Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e 1:17 Za 2:12 chwazi Jérusalem ankò.""

18 Konsa, Mwen te leve zye m; mwen te gade, e konsa, te gen kat kòn. 19 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: "Kisa sa yo ye?"

Li te reponn mwen: "Sa yo se 1:19 I Wa 22:11 kòn ki te gaye Juda, Israël, ak Jérusalem yo." 20 SENYÈ a te montre mwen kat 1:20 És 44:12 gwo bòs fòjewon. 21 Mwen te di: "Se kisa sa yo ap vin ?" Epi li te di: "Sa yo se kòn ki te gaye Juda yo pou pèsòn pa t leve tèt yo. Men bòs fòjewon sila yo ki te vini pou teworize yo, pou 1:21 Sòm 75:10 fonn kòn a nasyon ki te leve kòn yo kont peyi Juda pou te gaye li a."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também