Pular para o conteúdo
Publicidade

Zacharie 13

1 "Nan jou sa a, va gen yon fontèn dlo ki 13:1 Jr 2:13 va ouvri pou lakay David, e pou sila ki rete Jérusalem yo, pou 13:1 Sòm 51:2,7 peche ak salte.

2 "Li va vin rive nan jou sa a", deklare SENYÈ dèzame yo: "ke Mwen va koupe retire non a zidòl yo soti nan peyi a, e yo p ap sonje yo ankò. Mwen va osi retire 13:2 Jr 23:14,15pwofèt yo ak 13:2 I Wa 22:22 lespri pa pwòp la soti nan peyi a. 3 yon moun va pwofetize, alò, papa l ak manman l ki te l la va di li: Ou 13:3 Det 18:20p ap viv, paske ou 13:3 Jr 23:35 pale sa ki fo nan non SENYÈ a.Konsa, papa li ak manman li ki te l la, va fwennen l li pwofetize. 4 Anplis, li va vin rive nan jou sa a, ke tout pwofèt yo va 13:4 Jr 6:15 vin wont de vizyon yo , yo ap pwofetize. Yo p ap mete gwo wòb fèt an pwal pou twonpe moun; 5 men yon pwofèt va di: Mwen 13:5 Am 7:14 pa yon pwofèt; mwen se yon kiltivatè a, paske mwen se yon sèvitè atache nèt depi mwen jèn.6 Konsa, yon moun va vin di l: Ki blesi sa ki 13:6 II Wa 9:24 nan mitan bra ou yo?Epi li va reponn: Sa yo se blesi ke mwen te pran lakay zami mwen yo.

7 "Leve, O nepe, kont 13:7 És 40:11 bèje Mwen an,

e kont nonm nan ki byen pre M,"

deklare SENYÈ dèzame yo.

Frape bèje a pou mouton yo ka gaye;

epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.

8 "Sa va vin rive nan tout peyi a" deklare SENYÈ a,

"Ke 13:8 És 6:13de pati nan li va vin koupe retire pou l mouri;

men twazyèm pati a va rete ladann l.

9 "Konsa, Mwen va mennen pase

twazyèm pati a nan dife.

Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan,

e pase yo a leprèv tankou .

Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo.

Mwen va di: Yo se pèp Mwen,

e yo va di: SENYÈ a, se Bondye mwen an."13:9 És 48:10

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também