Publicidade

Ascensão

Por Bíblia Online

A ascensão de Jesus ao céu é a coroação de sua obra redentora. Ele subiu à destra do Pai, de onde voltará com poder e glória para buscar os seus.

Li te fin di bagay sa yo Li te vin leve anlè pandan yo t ap gade, e yon nyaj te resevwa L. Li te vin disparèt jiskaske yo pa t Li.

Pandan yo t ap toujou gade byen fikse nan syèl la, pandan Li t ap prale, epi vwala de mesye ak vètman blan te kanpe akote L; E yo menm osi te di: "Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va vini menm jan ke nou L ale nan syèl la".

Alò, SENYÈ a te fin pale avèk yo, Li te monte resevwa nan syèl la, e te chita sou men dwat Bondye.

Li te mennen yo deyò jiska Béthanie, e Li te leve men L yo, e te beni yo. Pandan Li t ap beni yo, Li te kite yo e te leve monte nan syèl la.

"Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou.

"Anverite, anverite, Mwen di nou, moun ki kwè nan Mwen, zèv ke Mwen yo, li menm va yo tou, e pi gwo zèv pase sa yo l ap . Paske Mwen ap ale kote Papa a.

Mwen te sòti nan Papa a, e te vini nan lemonn. M ap kite lemonn ankò e ap prale kote Papa a."

Jésus te di li: "Pa touche M, paske Mwen poko monte jwenn Papa M. Men ale kote frè M yo e di yo ke Mwen monte a Papa Mwen, e Papa pa w, Bondye Mwen, e Bondye Pa w."

Pou sa, Jésus te di: "Pou yon ti tan anplis, Mwen avèk nou. Apre, M ap prale a Li menm ki te voye M nan.

San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a:

Sila ki

Te revele nan lachè a,

Te jistifye nan Lespri a

Te pa zanj yo,

Te pwoklame pami nasyon yo,

Te resevwa kwayans mond lan,

Te leve wo nan laglwa a.

Seja o primeiro
Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-