Pular para o conteúdo
Publicidade

Joël 3

1 "Paske gade byen, nan jou sila yo

ak nan sa a,

Mwen va restore davni Juda ak Jérusalem,3:1 Jr 16:5

2 Mwen va 3:2 És 66:18 rasanble tout nasyon yo

pou mennen yo desann nan vale Josaphat la.

Epi Mwen va 3:2 Jr 25:31antre la nan jijman avèk yo

pou pèp ak eritaj Mwen an, Israël,

ke yo te gaye pami nasyon yo.

Yo te divize Mwen an,

3 epi te 3:3 Ab 11 voye tiraj osò pou pèp Mwen an.

Yo te 3:3 Am 2:6twoke yon gason pou yon pwostitiye

ak yon fi yo vann pou diven,

pou yo ta ka bwè."

4 "Anplis, se kisa ou ye pou Mwen, O Tyr, ak Sidon,

ak tout rejyon a Philistine yo?

Èske se yon rekonpans ke n ap ban Mwen?

Men si Mwen pa jwenn rekonpans

byen vit e san delè,

Mwen va rekonpans nou an

3:4 És 34:8 retounen sou tèt nou.

5 Akoz nou te 3:5 II Wa 12:18pran ajan Mwen

ak Mwen, e te mennen bagay

presye sakre Mwen yo nan tanp nou yo,

6 epi nou te vann 3:6 Éz 27:13fis a Juda ak Jérusalem yo

bay Grèk yo pou yo ta ka vin rete lwen teritwa yo,

7 gade byen, Mwen va 3:7 És 43:5yo leve soti

nan plas kote nou te vann yo,

pou retounen rekonpans nou an

sou pwòp tèt nou.

8 Anplis, Mwen va 3:8 És 14:2 vann fis nou yo

ak fi nou yo nan men a fis a Juda yo.

Konsa, yo va vann yo bay 3:8 Job 1:15Sabeyen yo,

yon nasyon byen lwen,"

paske SENYÈ a fin pale.

9 Pwoklame sa pami nasyon yo:

3:9 Jr 6:4 "Prepare nou pou lagè!

Anime mesye pwisan yo!

Kite tout sòlda yo vin pi pre.

Kite yo monte kote nou.

10 3:10 És 2:4 Bat lam cha pou yo epe,

ak kwòk rebondaj pou lans.

Kite moun fèb yo di: Mwen pwisan!

11 3:11 Éz 38:15,16 vit vini, tout nasyon ki ozalantou yo.

Rasanble nou ansanm."

desann la, O SENYÈ, moun pwisan Ou yo.

12 "Kite nasyon yo leve pwop tèt yo

pou vin monte nan vale Josaphat la;

paske se la Mwen va chita pou jije

tout nasyon ki ozalantou yo.3:12 Jl 3:2,14; Sòm 7:6

13 3:13 Rev 14:14-19 antre boutdigo rekòlt la,

paske 3:13 Jr 51:33rekòlt la vin mi.

Vin mache foule anba pye,

paske pèz diven an vin plen.

Chodyè yo ap debòde, paske mechanste yo vin gran."

14 3:14 És 34:2-8 Gwo foul yo, gwo foul nan vale desizyon an!

Paske jou SENYÈ a toupre nan vale desizyon an.

15 3:15 Jl 2:10,31 Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa,

e zetwal yo va pèdi briyans yo.

16 Senyè a va gwonde soti nan Sion,

e va sone vwa Li soti Jérusalem.

Syèl yo ak a va tranble,

men SENYÈ a se yon 3:16 Sòm 61:3refij pou pèp Li a,

ak yon 3:16 Jr 16:9 sitadèl pou fis Israël yo.

17 Konsa, nou va 3:17 Jl 2:27 konnen

ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,

ka p viv nan Sion, mòn sen Mwen an.

Nan sa a Jérusalem va sen,

e 3:17 És 52:1etranje yo p ap pase ladann ankò.

18 Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf.

Nan kolin yo, se lèt ki va koule;

tout 3:18 És 30:25 ravin nan Juda va gen dlo,

epi yon 3:18 Éz 47:1-12sous va sòti lakay SENYÈ a

pou awoze vale a Sittim nan.

19 Égypte va vin yon dezè,

Edom va vin yon savann dezole,

akoz 3:19 Ab 10vyolans ki te fèt sou fis Israël yo,

akoz yo te vèse san inosan an nan peyi yo.

20 Men Juda va gen moun ladann jis pou tout tan

e Jérusalem de jenerasyon an jenerasyon.3:20 Éz 37:25

21 Epi Mwen va vanje san ke M potko vanje yo,

paske SENYÈ a rete nan Sion."3:21 És 4:4

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também

Joel
Ver todos os capítulos de Joel