Pular para o conteúdo
Publicidade

Amos 1

1 Pawòl a Amos, ki te pami bèje mouton 1:1 II Sam 14:2; Za 14:5 Tekoa yo, de sa li te nan vizyon konsènan Israël nan jou a Ozias, wa Juda a, e nan jou a Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la, dezan avan tranbleman an. 2 Li te di:

1:2 És 42:13 "SENYÈ a va gwonde soti nan Sion.

Li va son vwa Li soti Jérusalem;

epi patiraj a bèje yo va dèy,

e anwo tèt Carmel va vin seche nèt."

3 Konsa pale SENYÈ a:

"Akoz de 1:3 Am 2:1,4,6twa transgresyon a Damas yo, menm kat,

mwen p ap retire pinisyon li;

akoz yo te bat Galaad ak zouti an yo.

4 Pou sa, Mwen va voye dife sou kay Hazaël

e li va devore sitadèl a Ben-Hadad yo.1:4 I Wa 20:1

5 Anplis, Mwen va 1:5 Jr 51:30 kase baryè an Damas la;

Mwen va koupe retire sila ki rete nan vale Bikath-Aven nan,

ak sila ki kenbe baton wayal la soti Beth-Éden;

epi pèp Syrie a va ale an egzil an 1:5 II Wa 16:9Kir,"

di SENYÈ a.

6 Konsa pale SENYÈ a:

"Akoz de twa transgresyon Gaza yo, menm kat,

mwen p ap retire pinisyon an,

akoz yo te depòte tout pèp la,

pou 1:6 Éz 35:5 livre yo bay Édom.

7 Pou sa, Mwen va voye dife sou miray Gaza a,

epi li va devore sitadèl li yo nèt.

8 Anplis, Mwen va koupe retire sila ki rete Asdod yo,

ak sila ki kenbe baton wayal la nan Askalon.

Mwen va tounen men mwen kont Ékron,

epi retay a 1:8 És 14:29-31Filisten yo va peri,"

di Senyè BONDYE a.

9 Konsa pale SENYÈ a:

"Akoz de twa transgresyon Tyr yo, menm kat,

mwen p ap retire pinisyon an,

akoz yo te livre tout pèp la nèt bay Édom,

e yo pa t sonje akò 1:9 I Wa 9:11-14 fratènèl la.

10 Akoz sa, Mwen va 1:10 Za 14:5voye dife sou miray Tyr la,

e li va devore sitadèl li yo."

11 Konsa pale SENYÈ a:

"Akoz de twa transgresyon Édom yo, menm kat;

Mwen p ap retire pinisyon an,

akoz li te kouri dèyè frè l ak nepe

e te refize gen pitye.

Mekontantman li te dechire tout tan,

e li te kenbe kòlè li jis pou tout tan.1:11 Nonb 20:14-21; És 57:16

12 Pou sa, Mwen va voye dife sou Théman,

e li va devore tout sitadèl Botsra yo."1:12 Jr 49:7,20

13 Konsa pale SENYÈ a:

"Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat;

Mwen p ap retire pinisyon an,

akoz yo te 1:13 II Wa 15:16chire vant fanm ansent Galaad yo

pou 1:13 És 5:8 agrandi lizyè yo.

14 Pou sa, Mwen va sanble yon dife sou miray 1:14 Det 3:11Rabba a.

Li va devore sitadèl li yo nèt,

nan mitan gwo kri lagè nan jou batay la,

nan mitan siklòn nan jou tanpèt la.

15 Konsa, wa yo a va antre an egzil, 1:15 Jr 49:3 li menm ansanm ak prens li yo,"

di Senyè a.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também