Pular para o conteúdo
Publicidade

Amos 6

1 Malè a sila ki alèz nan Sion yo,

e ak sila ki santi yo ansekirite nan mòn Samarie yo,

6:1 Egz 19:5 mesye ki distenge pami meyè nan nasyon yo,

a sila lakay Israël konn vini yo.

2 Ale janbe kote 6:2 Jen 10:10Calné pou gade.

Soti la rive Hamath Gran an,

pou desann kote Gath de Filisten yo.

Èske yo pi bon ke wayòm sila yo?

Èske teritwa pa yo a pi gran pase pa nou an?

3 Malè a nou ki konn 6:3 És 56:12ranvoye jou malè!

Ka pote sant vyolans lan vin pi pre!

4 K ap repoze sou kabann fèt ak livwa yo,

k ap gaye yo sou gwo sofa yo,

e k ap 6:4 Éz 34:2,3manje jenn mouton ki soti nan pak la,

ak jenn bèf ki soti nan mitan tonèl bèt la;

5 sila ki enpwovize ak son ap la,

ki envante lenstriman mizik yo menm jan ak David;

6 Sila k ap bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo

onksyone yo ak pi bon lwil yo,

malgre sa, yo pa 6:6 Éz 9:4kriye pou Joseph,

ki fin devaste nèt la.

7 Akoz sa, yo va antre an egzil nan tèt a egzile yo.

Banbòch a sanzave yo va sispann.6:7 És 13:10; Am 7:11,17

8 Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm,

SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare:

"Mwen rayi awogans a Jacob la,

e Mwen deteste sitadèl li yo.

Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann."6:8 És 13:10; Lev 26:30

9 Epi li va vin rive ke si genyen dizòm ki rete

nan yon kay, yo va mouri.

10 Alò tonton a youn, oswa 6:10 I Sam 31:12 mèt mòg k ap antere l a va leve pote zo li sòti nan kay la. Konsa, li va mande a sila ki nan pati pi anndan nan kay la: "Èske gen lòt moun avèk ou?" Epi sila a va reponn: "Nanpwen moun". Konsa li va reponn: "Rete an silans. Paske non a SENYÈ a 6:10 Jr 44:26pa dwe nonmen menm."

11 "Paske gade byen, SENYÈ a pral 6:11 És 55:11 kòmande

6:11 II Wa 25:9 pou gwo lakay la vin kraze nèt,

e ti kay la an ti mòso.

12 Èske cheval konn kouri sou wòch,

oswa èske yo ka charye wòch yo ak bèf?

Konsa, nou te 6:12 I Wa 21:7-13Lajistis vin tounen pwazon

e fwi ladwati vin anmè nèt.

13 Nou menm k ap rejwi nan yon 6:13 Job 8:14,15bagay ki pa anyen,

epi k ap di: Èske se pa ak pwòp fòs kouraj

nou nou rive pran kòn nan pou nou?

14 Paske gade byen, Mwen pral leve yon nasyon

kont nou, O lakay Israël,"

deklare SENYÈ Bondye dèzame yo;

"e yo va aflije nou soti nan antre Hamath

pou rive jis nan flèv Araba a."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também