Pular para o conteúdo
Publicidade

Amos 3

1 Tande pawòl sa a ke SENYÈ a te pale kont nou menm, fis Israël yo; kont tout fanmi ke Li te mennen monte soti nan peyi Égypte la:3:1 Jr 8:3

2 "Nou sèlman, Mwen te chwazi

pami tout fanmi sou latè yo.

Akoz sa, Mwen va 3:2 Jr 14:10pini nou

pou tout inikite nou yo."

3 Èske de mache ansanm,

san yo pa antann yo?

4 Èske yon lyon va gwonde nan rak bwa

san ke li pa kaptire yon bagay?

Èske yon jèn ti lyon

ka kriye deyò tanyè a san li pa pran anyen?

5 Èske yon zwazo ka kenbe

nan yon pèlen atè, si resò a pa t rale?

Èske pèlen an ka vòltije sòti atè,

san ke li gen yon bagay pou kenbe?

6 Èske twonpèt sone nan vil la,

san pèp la p ap ?

Èske malè kon rive nan yon vil,

san ke SENYÈ a ki l?3:6 És 14:24-27

7 Anverite, SENYÈ a p ap anyen,

san Li pa 3:7 Jen 6:13aveti sèvitè li yo, pwofèt yo.

8 Yon lyon fin gwonde!

Se kilès ki p ap ?

SENYÈ a fin pale!

Se kilès ki ka refize pwofetize?

9 Pwoklame sou sitadèl Asdod yo,

ak sitadèl peyi Égypte yo.

Di yo konsa:

Rasanble nou sou 3:9 Am 4:1mòn Samarie yo

pou gwo zen ki anndan yo,

ak 3:9 Am 5:11 opresyon ki nan mitan yo.

10 "Paske yo pa konn sa ki dwat," di SENYÈ a,

"sila yo k ap 3:10 Hab 2:8-10kache piyaj yo

ak sa yo ranmase nan palè pa yo."

11 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a:

"Yon 3:11 Am 6:14lènmi va ranvwaye peyi a.

Li va rale desann barikad ou yo,

epi3:11 Am 2:5 sitadèl ou yo va piyaje."

12 Konsa pale SENYÈ a:

Menm jan bèje a 3:12 I Sam 17:34-37rache de janm

soti nan bouch lyon an,

oswa yon mòso zòrèy,

konsa, fis Israël ki rete Samarie yo,

alèz sou bèl mèb yo,

ak kousen swa yo sou kabann nan,

va vin chape.

13 "Tande, e temwaye kont kay Jacob la," di Senyè BONDYE a, Bondye dèzame yo.3:13 Éz 2:7

14 "Paske nan jou ke Mwen va vizite

transgresyon Israël yo sou li,

Mwen va anplis, vizite lotèl Béthel yo.

Konsa, kòn lotèl yo va vin koupe retire nèt.

Yo va tonbe atè.3:14 II Wa 23:15

15 Kay 3:15 Jr 36:22 sezon livè a, Mwen va frape

ansanm avèk kay 3:15 Jij 3:20 sezon lete a.

Kay livwa yo va vin peri,

e gran mezon yo p ap la ankò,"

di Senyè a.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também