Compaixão
A compaixão é o coração de Deus em ação. Ele é compassivo e misericordioso, tardio em irar-se e grande em amor. Somos chamados a refletir essa compaixão no mundo.
13 Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Seyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.
15 Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!
3 (63:4) renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.
22 Seyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou.23 Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l'ap toujou kenbe pawòl li.
15 Seyè a reponn: -Eske yon manman ka bliye pitit l'ap bay tete a? Eske li ka pa sansib pou pitit li pote nan vant li a? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p'ap janm bliye nou!16 Mwen ekri non nou nan pla men m'. Mwen toujou wè miray nou yo devan je m'.
18 Men, Seyè a ap tann lè pou l' fè nou gras. Li tou pare pou l' gen pitye pou nou, paske Seyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.
18 Pa gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. Ou pa fache pou tout tan. Ou pran tout plezi ou nan gen pitye pou moun.
6 Mwen pral bay moun fanmi Jida yo fòs. Mwen pral delivre moun fanmi Jozèf yo. M'ap fè yo tounen lakay yo paske kè m' fè m' mal pou yo. Se va tankou si m' pa t' janm lage yo. Se Seyè a, Bondye yo a, mwen ye. M'ap tande lapriyè yo fè nan pye m'.
9 -Mwen te pale ak pèp mwen an, mwen te di yo se pou yo rann jistis san patipri. Se pou yo aji ak bon kè yonn ak lòt, se pou yo gen pitye yonn pou lòt.10 Pa peze vèv yo, ni timoun san papa yo, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, ni moun ki nan nesesite. Pa rete ap kalkile nan tèt nou jan pou nou fè lòt moun mal.
12 Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n' ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n' aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.
32 Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.
8 Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy.
17 Si yon moun ki pa nan bezwen wè yon frè li nan nesesite, si l' pa gen pitye pou li, yon moun konsa pa ka pretann li renmen Bondye.
3 Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Seyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an.4 Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.
15 Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t' janm fè okenn peche.
15 Fè kè n' kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.
11 Koulye a, frè m' yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou.