O Deus do impossível
Deus é o Deus do impossível. Para Ele não há nada difícil demais. O que parece impossível aos olhos humanos é perfeitamente possível para o Criador do universo.
Nada é impossível
Para Deus nada é impossível. Ele faz infinitamente mais do que podemos pedir ou imaginar — esse é o nosso Deus.
26 Jezi gade yo, li di: Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè.
27 Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: -Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l', paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.
27 Jezi reponn yo: Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li.
34 Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason!35 Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye.36 Ou konnen Elizabèt, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l' ansent yon pitit gason. Yo te di l' pa t' kapab fè pitit, men li deja sou sis mwa gwosès.37 Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.38 Mari di li: Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m' jan ou di a. Epi zanj lan kite li.
13 Seyè a di Abraram. Sa ki gen la a pou Sara ri konsa, pou l'ap di nan kè l'. Eske mwen kapab fè pitit ankò, jan m' fin vye a?14 Bon. Eske gen kichòy ki twòp la a pou Mèt la fè? Sou dat mwen fikse a, m'a tounen pase wè ou ankò. Lè sa a, Sara va gen yon pitit gason.
2 -Mwen konnen, Seyè, ou gen tout pouvwa. W'ap fè tou sa ou mete nan tèt ou pou ou fè.
17 -Aa, Seyè, Bondye! Se avèk fòs kouraj ou, se avèk gwo pouvwa ou ou te fè syèl la ak latè a. Anyen pa twò difisil pou ou.
Fé no impossível
Se tiverdes fé como um grão de mostarda... Os impossíveis de Deus são convites ao exercício da fé audaciosa.
20 Jezi di yo: Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè.
23 Jezi di li: -Si m' kapab menm! ...Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye.
24 Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l' deja, n'a wè sa rive vre.
6 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Pou ti ponyen moun ki rete koulye a nan peyi a, sa se yon bagay yo di ki pa ka rive. Men, pa pou mwen. Se Seyè a menm ki di sa.
5 Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.
23 Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l' la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l', nou fè yon bann mechan kloure l' sou yon kwa.24 Men, Bondye fè l' leve vivan ankò, li delivre l' anba doulè lanmò a paske se pa t' posib pou lanmò te kenbe l' anba pouvwa li.