Deus é amor
Deus é amor — esta é a declaração mais profunda da Bíblia sobre a natureza divina. Tudo que Deus faz nasce do amor. Quem permanece no amor permanece em Deus.
A natureza de Deus
Deus é amor. Quem permanece no amor, permanece em Deus e Deus nele. Ele nos amou primeiro com amor eterno.
7 Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen soti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.8 Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.
10 Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.
15 Moun ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè yonn ak yo, yo fè yonn ak Bondye.16 Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo.
19 Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan.
16 Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
O amor de Deus revelado
Deus prova o seu amor em que Cristo morreu por nós quando ainda éramos pecadores. Seu amor é compassivo e eterno.
8 Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou.
4 Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou,5 li ban nou lavi ankò ansanm ak Kris la, nou menm ki te mouri akòz peche nou yo. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou.
15 Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!
7 (36:8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.
3 (63:4) renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.
1 Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
18 Pa gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. Ou pa fache pou tout tan. Ou pran tout plezi ou nan gen pitye pou moun.
11 Koulye a, frè m' yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou.