Deus nunca falha
Deus nunca falha. Nenhuma de suas promessas vem ao chão. O que Ele prometeu, Ele cumprirá. A fidelidade de Deus é o fundamento inabalável da nossa fé.
Promessas cumpridas
Nenhuma boa palavra falhou de todas as promessas que Deus fez. Ele é fiel e verdadeiro em tudo o que diz.
Alò, gade, jodi a, mwen ap fè chemen ki oblije fèt pou tout tè a. Konsa, nou konnen nan tout kè nou ak nan tout nanm nou, ke pa menm yon mo nan tout pawòl ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pale konsènan nou menm pa t manke akonpli. Tout te vin akonpli pou nou. Pa youn nan yo pa t manke.
Pa menm youn nan bon pwomès ke SENYÈ a te fè kay Israël la pa t manke akonpli. Yo tout te vin rive.
"Beni se SENYÈ a ki te bay repo a pèp Li a, Israël, selon tout sa ke Li te pwomèt yo. Pa menm yon mo pa t fè fayit nan tout bonte ke Li te pwomèt nou pa Moïse yo, sèvitè li a.
Bondye se pa yon nonm ke li ye
pou L ta bay manti,
ni fis a yon nonm pou L ta repanti.
Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vrè?
Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan,
e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.
Fidelidade eterna
A Palavra do Senhor permanece para sempre. A tua palavra é muito pura e o teu servo a ama profundamente.
Leve zye nou vè syèl la
e gade anba vè latè;
paske syèl la va disparèt tankou lafimen;
latè va epwize tankou yon vètman.
Konsa, moun ki rete ladann yo va mouri;
men delivrans Mwen va la jis pou tout tan,
e ladwati Mwen p ap janm sispann.
Pawòl Ou san tach; akoz sa, sèvitè Ou a renmen yo anpil.
Wayòm Ou an se yon wayòm etènèl
e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.
SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe.
Li leve wo tout sila ki vin pwostène yo.
SENYÈ a plen ladwati nan mitan li. Li p ap fè okenn enjistis. Chak maten Li fè jistis pa li vin parèt nan limyè. Li pa janm pa reyisi, men moun enjis yo pa gen wont menm.
Paske vizyon an toujou pou lè deziye a. La p pwoche vit pou rive nan bi li, ni li p ap fè fayit. Menmsi li fè reta, tann li; paske anverite, li va vini. Li p ap fè mize.
Segurança em Deus
Todas as promessas de Deus são sim e amém em Cristo. Fiel é Aquele que prometeu — Ele jamais nos decepcionará.
Paske malgre fòs kantite pwomès Bondye yo kon bay, nan Li menm, pwomès yo se "wi"; konsa tou, pa Li menm tou, nou di "Amèn" pou laglwa Bondye atravè nou menm.
Koulye a, Sila ki etabli nou avèk ou menm an Kris, epi ki te onksyone nou, se Bondye. Se Li ki te mete so Li sou nou e te bannou Lespri a nan kè nou kòm yon pwomès.
Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
Nan Li menm, nou tout osi, lè nou fin tande mesaj Verite a, Levanjil Sali a; akoz nou menm tou te kwè, nou te sele nan Li menm avèk Lespri Sen a pwomès la, ki bay a nou menm kòm yon pwomès eritaj nou an, avèk plan redanmsyon a sila ki vrèman pou Bondye yo, pou lwanj a glwa Li.
Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.