Publicidade

Salmos 145

Yon chan lwanj pa David

1 Mwen va 145:1 Sòm 30:1leve Ou wo,

O Bondye mwen, O Wa a.

Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.

2 Chak jou, mwen va beni Ou e mwen

va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.

3 Gran se SENYÈ a, dign de lwanj.

145:3 Job 5:9 Grandè Li pa kab fin sonde menm.

4 Yon 145:4 Sòm 22:30-31jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt.

Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.

5 Sou bèlte e glwa a majeste Ou

avèk 145:5 Sòm 119:27zèv mèvèy Ou yo,

mwen va reflechi tout tan.

6 Lezòm va pale sou pouvwa a 145:6 Det 10:21zèv mèvèy Ou yo

e mwen va pale jan Ou gran.

7 Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou.

Yo va rele ak lajwa de ladwati Ou.

8 SENYÈ a 145:8 Egz 34:6plen gras avèk mizerikòd,

lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.

9 SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li

lonje rive sou tout zèv Li yo.

10 145:10 Sòm 19:1 Tout zèv Ou yo va di Ou:

"Mèsi O SENYÈ,"

e fidèl Ou yo va beni Ou.

11 Yo va pale 145:11 Jr 14:21glwa a wayòm Ou an, e

pale sou zafè pouvwa Ou yo;

12 Pou 145:12 Jr 14:21rekonèt a fis a lòm yo,

zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak

majeste a wayòm Ou an.

13 Wayòm Ou an se yon 145:13 Sòm 10:16wayòm etènèl

e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.

14 SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe.

Li 145:14 Sòm 146:8leve wo tout sila ki vin pwostène yo.

15 Zye a tout moun genyen espwa sou Ou.

Ou 145:15 Sòm 104:27bay yo manje yo nan yo.

16 Ou 145:16 Sòm 104:28ouvri men Ou pou satisfè dezi

a tout sila k ap viv yo.

17 Senyè a 145:17 Sòm 116:5dwat nan tout chemen Li yo, e

ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.

18 SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo,

tout sila ki rele li145:18 Jn 4:24 ak verite yo.

19 Li va 145:19 Sòm 21:2ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo.

Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.

20 SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo,

men 145:20 Sòm 9:5mechan yo, Li va detwi

21 Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a,

e 145:21 Sòm 65:2tout chè va beni sen non Li an jis pou

tout tan e pou tout tan.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-