Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 5

Pou Direktè koral yo; fèt pou akonpanye ak flit. Yon Sòm David.

1 5:1 Sòm 54:2 Prete zòrèy Ou a pawòl mwen yo, O SENYÈ.

Konsidere refleksyon mwen yo.

2 Koute bri kri sekou mwen yo,

5:2 Sòm 84:3 Wa mwen e Bondye mwen.

Pou Ou menm, mwen ap priye.

3 Nan maten O SENYÈ, Ou va tande vwa mwen.

Nan maten mwen va vèse bay Ou lapriyè mwen yo.

M ap5:3 Sòm 130:5tann, m ap veye.

4 Paske Ou se pa yon Bondye ki gen plezi nan mechanste.

5:4 Sòm 92:15 Nanpwen mal ki rete avèk Ou.

5 Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou.

5:5 Sòm 11:5 Ou rayi tout sila ki inikite yo.

6 Ou 5:6 Sòm 52:4-5detwi sila ki pale sa ki fo yo.

SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san,

ki twonpe moun.

7 Men pou mwen, pa gran lanmou

dous Ou a mwen va antre lakay Ou.

Nan tanp sen Ou an mwen va pwostène

mwen nèt an adorasyon.

8 O SENYÈ, mennen m 5:8 Sòm 31:1nan ladwati Ou akoz lènmi mwen yo.

chemen Ou dwat devan mwen.

9 Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo.

Anndan yo se pouriti menm.

5:9 Wo 3:13 Gòj yo se yon tonm ki louvri.

Yo flatè ak lang yo.

10 Kenbe yo koupab, O Bondye.

Selon pwòp manèv pa yo, kite yo tonbe!

Nan fòs kantite peche yo pouse yo deyò, paske se 5:10 Sòm 107:10 rebèl yo ye kont Ou.

11 Men kite tout sila ki pran refij nan Ou yo, 5:11 Sòm 64:10kontan.

Kite yo toujou chante ak kontan,

akoz Ou abri pou yo.

Kite sila ki renmen non Ou yo kapab

kontan nan Ou.

12 Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ,

Ou ki 5:12 Sòm 32:7-10antoure li avèk gras Ou,

tankou yon boukliye.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também