Publicidade

Salmos 12

Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd
Yon sòm David.

1 Sekou, SENYÈ, paske moun ladwati yo sispann egziste,

Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.

2 Yo pale sa ki fo a youn lòt.

Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.

3 Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo,

ak lang ki pale gwo bagay yo;

4 ki te di: "Avèk lang nou, nou va reyisi.

Lèv nou se pou nou.

Se kilès ki kab mèt sou nou?"

5 "Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,

koulye a, Mwen va leve", pale SENYÈ a;

"Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la."

6 Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;

tankou ajan ki teste nan founo,

rafine nan tè sèt fwa.

7 Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo.

Ou va prezève yo soti nan

jenerasyon sila a jis pou tout tan.

8 Mechan yo pwomennen toupatou tout kote

bagay ki lèd vin leve wo

pami fis a lòm yo.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-15_21-32-39-